Yon pwomosyon etidyan FDSE onore Premye minis Ariel Henry

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon pwomosyon etidyan fdse onore premye minis ariel henry

Pwomosyon etidyan 2017-2022 nan Fakilte dwa ak Syans ekonomik (FDSE) rann omaj ak chèf gouvènman an, Ariel Henry, pou sipò li bay nan òganizasyon seremoni gradiyasyon yo ki fèt ayè dimanch 13 dawout la nan Karibe Hotel.

Pwomosyon jiris ak ekonomis sa ki sot pase senk lane ap fòme anndan lakou FDSE, rann omaj ak Premye minis ayisyen an pou sipò finansye li te ba yo pou reyalizasyon seremoni sila. Daprè enfliyansè John Colem Morvan, primati ta dekese twa milyon goud pou gradiyasyon pwomosyon sila.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Honneur et mérite à M. Ariel Henry pour son apport à la réalisation de la cérémonie de graduation de la promotion Gérard Gourgue (2017-2022) », ekri nan plak sa ki pote dat 13 dawout 2023. Yon zak ki pwovoke anpil kòmantè negatif sou tout rezo sosyal yo.

Si komite ki òganize seremoni gradiyasyon an ayè dimanch 13 dawout la pa reyaji ofisyèlman sou zak sa, lapli kòmantè yo ap dechennen sou rezo sosyal yo. Pou anpil moun, se grav pou tout yon pwomosyon etidyan nan Dwa deside onore Chèf gouvènman an.

Anpil nan reyaksyon yo pran an konsiderasyon konpòtman otorite yo, prensipalman Premye minis lan, fas ak sitiyasyon sekirite an k ap deteryore sou tout teritwa nasyonal la ansanm ak lòt kriz peyi a ap konnen depi lè li rive nan tèt peyi a, 2021.

« M sèten gen pami gradye FDSE yo la ki swa ap kouri oubyen gen yon pwòch k ap kouri nan moman an pandan sa pa gen lontan yo t ap lonje ak kè jwa plak lonè bay Ariel Henry », ekri sou Facebook entènot Sanderno Andy Asséim.

N ap raple, Fakilte dwa ak Syans ekonomik (FDSE) ki chita kò l nan ri Oswald Durand, Pòtoprens, se pi ansyen lekòl ansèyman siperyè peyi a konnen. Depi lane 1865, yo pa sispann fòme pwofesyonèl nan domèn Syans jiridik. Chak ane, fakilte sa ki anndan Inivèsite Leta a (UEH) bay pou pi piti yon santèn gradye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.