NETALKOLE

Yon ti konesans ak Mary Hope sou karyè li kòm atis 

Li fèt nan peyi Dayiti yon 26 fevriye 1983, li fè tout etid klasik li isit an Ayiti ansanm ak etid inivèsitè li nan Fakilte « Craan d’Haiti » l ap chante depi lè li tou piti men, li pat janm deside kòmanse yon karyè pwofesyonèl, li te prèske konsakre tout vi l ak travay li jiskaske l ta pral lanse l nan biznis lan paske l te vin reyalize vwa l kapab edel akonpli rèv li. 

Nan kad ribrik  » Konesans ak Atis yo » nan NetAlKole Media, nou te jwenn chans mete pwojektè nou sou Mary Hope, Yon atis konfime epi ki renmen sa l ap fè a. Li te pwofite pale nou de li epi eksperyans li kòm chantez  » Chante se yon rèv danfans, se depim tou piti map chante, tout moun ki pwòch mwen, kamarad mwen, kòlèg travay mwen ka konfime sa » konsa a  li te reponn lè nou te mande l depi kilè lap chante.  » Mwen renmen chante » te deklare Mary Hope. 

https://youtu.be/9oQk9eunk2w

Ki stil mizik ou fè? 

« Mwen chante epi konpoze mizik Konpa. » 

Kisa w chante nan mizik ou yo? 

 » Mwen chante tout sa mwen enspire, mwen ekri sou tout sijè ki reyèl, sosyal, santimantal, mwen chante sa map viv sitou sitiyasyon peyi m. » 

Èske w gen yon ekip avèw!? Pale nou de ekip sa? 

 » Mwen gen yon ekip kap ki kòmanse travay ak nou. Mwen ap ap gen pou m prezante l annatandan nou fin konplè epi jwenn estabilite. »  

Èske karyè w kòm atis pa deranje antouraj ou? Travay ou? Fanmi w?  

 » Non! Karyè m’  poko janm deranje fwaye m’ ni antouraj mwen, selon sa mwen defini Kòm antouraj mwen an. » 

Kisa w defini kòm antouraj ou? 

« Moun ki renmen sa map fè a, moun mwen ye a, moun ki konprann sa map fè a epi ki patisipe ak mwen san soupsyon » 

Ou panse antouraj ou a fè pati de kategori sa yo? 

 » Jiskaprezan wi  » 

Sa poko rive ou regrèt chante? Si wi kisa ki te lakòz sa? 

 » Mwen pa konn regrèt Sa m’ fè. Pran mikwo egzije kouraj. Mwen Nan faz eseye, mwen poko ka fokis sou regrè kap vini yo, men m sèten yo pap rive fè gwo enpak sou karyè m  » 

Ki pi gwo fyète ou jwenn depi lè wap chante ? 
 

 » Pi gwo fyète m se paske moun ki tande m’ yo toujou satisfè, tout sa m’ konpoze, sa m’ chante soti de mwen sa fè m’ kontan.  » 

Konbyen mizik ak videyo ou antrjistre deja? Pale nou de yo?  

 » Mwen anrejistre yon(1)  Mizik ki pote tit (Haiti Timtim), mwen soti youn ak videyo ki rele (Banm on rezon) ki sou YouTube Chanel mwen.  » 

Ou kolabore ak lòt atis deja? Pale nou de kolaborasyon sa yo? 

 » Non mwen poko kolabore ak pèsonn pou moman sa la, men nou gen plizyè kolaborasyon nap travay sou yo, nou deja kòmanse fè kontak yo, ekip la gen bagay nan djakout li kap vini.  » 

Yon konsèy pou chak jenn ki vle entegre enditri an, men ki pa gen yon konfyans nan yo, oubyen ki kwense  » 

 » Chak jenn ki gen  rèv pou vin yon chantè oubyen mizisyen, mwen konseye yo swiv rèv sa a. Lè w’ eseye sa pa mache, relanse w’ paske toutotan nou gen souf nou ka reyalize anpil bèl bagay. Aprann de chak erè ou fè pou w’ byen sezi w. Pa janm dekoutaje, goumen pou sa ou kwè a.  » 

Mary Hope deja lanse l’ jan li te toujou espere sa a, pou sa ki gen a wè ak potansyalite epi pwofesyonalis nan domèn mizik lan, li pouve li sou bon ray la. Nou envite w gade premye videyo li ki disponib tou sou chèn Youtube li. 

https://youtu.be/2xh2f8XZJmY

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire