Ak bikini ou toutouni, Challenge Santorini an pran TikTok

Revital Lynch
ParRevital Lynch

Sou TikTok, se youn nan tandans k ap fè gwo pale anpil, Santorini Challenge lan koz anpil videyo jèn fanm ak bikini ki patisipe ladan vin trè popilè, e menm ale pi lwen sou lòt platfòm tankou Instagram ak YouTube, konsa l rete l anvayi mond lan. 

Mizik sa soti depi 15 septanm 2021, sou platfòm YouTube, de atis ki chante l yo sòti nan peyi France d’outre-mer (Guadeloupe), yo rele sou Instagram @rosa_smr ak @emma__sc, yo nan yon gwoup ki rele Gamma_lab. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se yon mizik an kreyòl ki fèt sou yon enstrimantal ki rapwoche tandans Ayisyen ki rele Rabòday la. Li trè kout, 1 minit 51 segond, jèn gason kou jèn fi renmen l. 

Kisa Santorini Challenge lan ye ? 

Depi w sou TikTok ou pa ka pa konn Challenge sa. Li vin tèlman popilè li koz pale anpil. Nan mizik la yo pataje 15 segond sou platfòm lan. Anpil jèn fanm fè Challenge lan ak bikini yo. Li tèlman mache li travèse sou Instagram ak kèk lòt rezo. Nan dènye jou sa yo challenge lan rive touche 4 milyon moun, li ateri jis an Afrique, nan peyi Ghana, li touche plizyè lòt peyi nan karayib la. Anpil deba chofe ap fèt sou web lan. Paske gen nan medam yo ki respekte challenge sòti nan bikini an rive nan toutouni an. 

Gen kèk jèn gason k ap kritike medam ki fè Challenge sa men gen anpil nan yo ki pase bon ti moman nan douch lakay yo ak 15 segond sa yo nan DSMV, grenn pwoblèm lan se pou chanpou moun nan kay la. 

Mizik la pote non zile touristik Santorini ki twouve l nan yon achipèl nan teritwa peyi Grèce, tèks la rakonte istwa de zanmi youn ap konseye lòt pou fè nonm li depanse pou li, fè l mennen l al pase vakans nan yon seri gwo kote tankou Paris, Marbella, Dubaï, Santorini kote l pral vire an bikini epi toutouni.  

Nan menm tèks la medam yo vle fè konprann se dwa yo pou nonm yo ba yo plezi, sòti avèk yo, mete yo tankou diva. Jan mizik la trete a, mesye yo ta dwe mete nan pòch lè yap pran lari ak medam Santorini yo, menm si yon bon jèn jan pap sòti ak fanm san lajan men jan bagay la ye a, kat kredi yo riske pran gwo frap. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Imaj grafik ki sèvi kouvèti mizik la, montre yon foto nan zile Santorini an nan nuit. Epi tit mizik la ekri ak lèt ki vle parèt dore. 

Nan Challenge lan medam yo fè yon videyo ladan yo itilize son 15 segond ki nan mizik la, nan kòmansman yo montre yo ak rad oubyen ak sèvyèt, nan fen videyo a yo parèt ak bikini oubyen toutouni. Jan medam Gamma Lab yo di l la se pa vi ki manke ti mesye. 

Pou semèn lan, Challenge Santorini an mennen yon operasyon serye, li rantre yon videyo ki tap fè pale anpil epi mesye yo vin pase plis tan sou TikTok. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.