NETALKOLE

Asasina jounalis yo nan Site Solèy : Paran viktim yo mande bandi yo kadav mesye yo

Pandan jounen lendi 12 septanm 2022 a, plizyè jounalis te rann yon vizit lakay fanmi Frantzsen Charles, 28 lane, ak Tayson Lartigue, 29 lane, bandi ak zam ki achte peyi a ak lajan kontan te sasinen nan zòn Site Solèy dimanch 11 septanm pase a. Ak yon lapenn ki makonnen ak yon dezepwa, paran 2 konfrè yo di yo pa atann okenn sipò nan men LETA. Sèl volonte yo se jwenn kadav de viktim yo pou antere yo nan onè epi diyite. 

7 jounalis kap travay pou diferan medya anliy te deplase pou al rankontre yon fanmi nan kad yon repòtaj sou asasina yon jenn fi 19 lane an prezans manman l. Aprè bat bouch ak fanmi demwazèl la, nan retounen yo, 4 bandi san manman ak gwo manch lang nan men yo louvri kout bal sou yo, selon sa 5 lòt jounalis ki chape poul yo eksplike. 

Frantz Lartigue, ki se gran frè Tayson Lartigue, ak manman Frantzsen Charles, ki nan gwo lapenn pou lanmò trajik 2 pwofesyonèl sa yo, sèlman vle prezans kadav konfrè laprès yo nan sousi pou ba yo yon fineray diy, konsa, doulè a va kalme andedan yo. 

Nap raple, Jounalis Tayson Lartigue mouri kite  yon timoun 2 lane nan men madanm li. Li te travay nan plizyè ajans nouvèl anliy anvan menm li ta pral kreye platfòm pa l anpil moun konnen sou non « Ti Jèn Jounalis ». Frantzsen Charles li menm, se te repòtè prefere platfòm FS-NEWS. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire