Bwè kleren san rete, gen gwo konsekans sou sante 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
bwè kleren san rete, gen gwo konsekans sou sante  (1)

Anpil moun jwenn gwo plezi nan bwè kleren san rete, gen moun ki menm rive bwè chak jou pou yo ka bliye pwoblèm y ap fè fas yo epi inyore konsekans negatif kleren an genyen sou sante yo, sou kèk ògàn tankou fwa, sèvo a, kè a ak lòt ankò. Konsekans yo konn pou yon ti tan, konsa tou pou lontan.  

Bwè kleren san rete gen gwo konsekans sou sante yon moun ki bwè san okenn prensip, ki bwè anpil chak jou, ki tounen tafyatè. Paske tafya aji menm jan ak kanabis nan sèvo a, menm jan ak anpil lòt sikotwòp. Bwè tafya san rete gen konsekans pou yon ti tan ak pou lontan sou sante yon moun.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Efè bwè anpil  tafya aprè yon ti tan  

Lè yon moun bwè anpil kleren, sa pa pran tan pou l aji sou kò a, sa pran anviwon 15-20 minit si moun nan te grangou, 30-40 minit si moun nan te byen manje, efè a ka pi rapid si moun nan pa konn abitye bwè. Efè yo kapab fè moun nan :  

  • Paka kenbe kò l, moun nan delala 
  • Pèdi ekilib, pa mache byen  
  • Pa wè bagay yo menm jan ak tout moun  
  • Pèdi kapasite l pou fè yon jijman  
  • Pale anpil epi ap di tenten  
  • Pèdi kontwòl tèt li 
  • Agresif  
  • Genyen yon rapò seksyèl ki pa pwoteje, san li pat vle sa 

Efè bwè tafya aprè yon bon tan  

Bwè kleren san kontwòl k ap responsab anpil maladi : kansè, maladi nan fwa ak pankreya, maladi ki gen pou wè ak sistèm nève a epi anpil twoub sichik (depresyon, anksyete…), pwoblèm memwa ak atansyon. Daprè etid yo, gason bwè plis tafya pase fanm epi yo mouri plis.  

Yon moun k ap bwè anpil tafya san kontwòl,  riske gen gwo pwoblèm nan sistèm nève li ak aparèy sichik li. San bliye pwoblèm depresyon, paka dòmi, kansè, AVC. Kleren oubyen tafya se yon gwo pwazon pou fwa.  

Li enpòtan anpil pou yon moun gen kontwòl sou fason l ap bwè tafya, paske sa gen anpil konsekans sou sante l epi menm mete fen nan vil avan lè.  

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive