Lè nasyonal la ap chanje wikenn sa a. Pi presizeman, dimanch 12 mas sa a, apati 2zè nan maten dapre yon nòt pou laprès pibliye pa Sekretarya prezidans lan, jodi lendi 6 mas 2023 a.
Sekretarye Primati a nan yon nòt pou laprès pibliye jodi a, fè konnen lè nasyonal la ap avanse 60 minit apati 2 zè a.m. nan dat k ap dimanch 12 mas 2023 a, dapre dispozisyon atik 1 ak 2 dekrè prezidansyèl 7 mas 2012 la.
« Sekretarya Primati a raple tout ajan fonksyonè piblik yo ak anplwaye sektè prive yo, dapre dispozisyon atik Premye dekrè prezidansyèl 7 mas 2012 la, lè nasyonal la ap avanse 60 minit, apati 2 zè nan maten, Dimanch k ap 12 mas 2023 a », ekri Primati a nan kominike sila a.
Donk, sa ki vle di, lè li make 2:00 am, li pral an rayalite 3:00 am.