Leta ayisyen pa t fè okenn demach  pou te antere migran ki te nwaye nan lanmè Pòtoriko yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Leta ayisyen pa t fè okenn demach  pou te antere migran ki te nwaye nan lanmè Pòtoriko yo 

Daprè Gwoup k ap apiye raptriye ak refijye yo ki site jounal pòtoriken El Vocero, okenn demach pa t fèt bò kote Leta ayisyen pou te asire antèman 11 fanm migran ayisyen ki te peri nan lanmè Pòtoriko 12 me ki sot pase a. 

Migran fanm sa yo ki t ap tante rantre ilegalman sou teritwa pòtoriken an te rive nwaye nan yon bato ki ta gen plis pase 80 moun ladan l, daprè sa otorite Gadkot yo te fè konnen kèk tan aprè dram sa. Pou te kapab rive antere gwoup 11 migran sa yo, se inikman kèk antrepriz, legliz ak kèk antite lokal ki te mete men. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Imaj ki te pibliye sou seremoni antèman sa ki te fèt pou gwoup migran sa yo te montre plizyè sèkèy kouvri ak drapo Ayiti, sou menm liy anndan yon legliz, an prezans plizyè lòt dizèn konpatriyòt ayisyen k ap viv Pòtoriko mete ak lòt siwtayen pòtoriken ki te vin rann dènye omaj sa ak viktim sa yo. 

Nan okazyon sa, premye minis Ariel Henry, nan non gouvènman an, te pibliye yon tweet pou te fè santi senpati l ak fanmi viktim yo nan dram sa, san okenn vrè aksyon pou te kapab ofri viktim yo yon omaj nan diyite. 

11 migran fanm sa yo ki te rive antere yo pandan seremoni sa sèlman kò Gadkot yo te rive jwenn pandan nofraj sa. Otorite pòtoriken yo te fè konnen gen plis pase yon trantèn lòt kò ki te disparèt. Gen tou 38 moun ki te rive sove pandan nofraj bato sa, daprè sa jounal pòtoriken El Vocero te rapòte. 

 

Atik sa ka enterese w tou :

Les obsèques des 11 femmes haïtiennes décédées dans un naufrage près de l’île de Desecheo ont eu Lieu ce mercredi  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.