MENFP kontinye ak distribisyon liv lekòl inik la

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
menfp kontinye ak distribisyon liv lekòl inik la

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan yon kominike li pibliye ayè vandredi 6 janvye 2023 a fè konnne distribisyon liv lekòl inik la ap kontinye nan plizyè depatman tankou Sidès, Grandans elatriye. 

“Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl kontinye rapouswiv operasyon distribisyon liv eskolè inik. Grandans,  Sidés ak rejyon Palm resevwa jounen jodi a plizyè bwat liv inik”, te ekri ministè a nan yon nòt. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), distribisyon sa a fèt gras ak sipò patnè MENFP yo, ministè a fè konnen tou dapatman ki poko benefisye  de liv lekòl inik la ap  jwenn li byento. 

“Ansanm ansanm ak apwi plizyè patnè n ap vanse pou nou kouvri tout zòn nan 10 depatman yo”, te konkli Ministè a nan nòt li a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.