NETALKOLE

Ministè Enteryè anile itilizasyon tout badj li yo

Nan yon nòt ki pibliye nan dat madi 15 Novanm 2022 a, Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo (MICT) enfòme gran piblik la desizyon li pran pou anile itilizasyon tout badj li yo avan ane a fini.
Yon desizyon li pran nan lide pou regilarize badj k ap sikile nan tout 4 kwen peyi a, mezi a ak efè imedya, se sa delege depatmantal Lwès la, Gary Bernadotte fè konnen suit ak desizyon li pran pou sispann validasyon ensiy enstitisyon an.
Yon lòt kote, responsab la pwomèt popilasyon an gen divès dispozisyon k ap pran pou evite twoub piblik.
“Delege a, nan fonksyon polis administratif ak prevantif li genyen, kontinye pran tout mezi ki vize fè respekte lòd, sekirite ak lapè piblik”.
MICT pran desizyon sila yon jou aprè nouvo minis Ariel Henry te fin rantre an fonksyon. Pandan seremoni enstalasyon l li te mande tout anplwaye ak kad ministè a pou yo te kolabore ak li nan lide pou te revitalize bwat la, nan lide pou “founi popilasyon an yon sèvis kalite”.
N ap raple, Ariel Henry ranplase ansyen titilè MICT a enjenyè Listz Quitel suit ak yon konsèy minis ki te òganize nan jou ki te vandredi 11 novanm pase a, kote yo te li epi apwouve lèt demisyon li ak pa ansyen Minis Jistis la Berto Dorcé.
Tou 2 pèdi djòb yo aprè Lèzetazini te fin koupe viza yo, patikilyèman Mèt Dorcé ki pa t kapab vwayaje Ozetazini pandan mwa Oktòb la.
Jiskaprezan Lèzetazini pa rapòte rezon ki chita dèyè desizyon sila yo kont 2 gwo ofisyèl ayisyen, toutfwa nan raple Chaje dafè ameriken Eric Stromayer te deklare se gouvènman ayisyen an ki te pou sanksyone minis li koupe viza yo a. Sanble mezi sa ekzekite san pran tan. Sann pa kite dèyè ka Lambert ak Youri Latortue a.
Pi douvan n ap note, Mesye Ariel Henry te okipe pòs Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo deja, se te nan lane 2015 sou prezidans Michel Joseph Martelly a.
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 of 1 155