NETALKOLE

OMS resanse yon milyon ka MST nan mond lan chak jou 

Chak jou nan mond lan genyen yon milyon ka enfeksyon ki transmèt nan fè bagay (IST) ki repwodwi, daprè Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS). 

Pami maladi sa yo genyen an patikilye gonore, klamidya, sifilis ak trikomona. San konte gen lòt enfeksyon moun ka pran nan fè bagay tankou varyol senj, Ebola ak Zika. Dènye maladi sa yo se yon gwo defi k ap grandi nan mond lan epi ki mete aleprèv sèvis prevansyon ak kontwòl enfeksyon yo. 

Si yon malad pa pran bonè, genyen nan IST sa yo ki gendwa genyen konsekans ki paka trete pandan yon bon tan, tankou doulè kwonik nan senti, kansè, paka fè pitit, gwosès ki pa favorab ak konplikasyon konjenital, gen ladan yo ki kapab mete lavi moun ki enfekte a an danje. 

Pou rezon sa, peyi ki te patisipe nan Asanble mondyal sante ki te fèt nan mwa me 2022 a, te mete yo dakò pou yo mete kanpe plizyè estrateji mondyal nan Sektè sante a pou redwi ka enfeksyon nou sot site la yo ; ogmante pousantaj tifi ki vaksinen kont papiyonaviris la (HPV) ak 15 lane ; ogmante pousantaj fanm ki depiste pou kansè kòl iteris ; epi ogmante nonb peyi k ap fè rezistans kont gonore nan mond lan. 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 155

Laisser un commentaire