Jodi 04 jiyè a se fèt nasyonal peyi Etazini, moun plis konnen sou non « Jou endepandans » oubyen “Independence day” nan lang anglè a. Jou sila komemore adopsyon Deklarasyon endepandans teritwa sila nan lane 1776, ki make separasyon koloni amerikèn yo anba kontwòl britanik yo.
4 jiyè 1776, Kongrè kontinantal Trèz Koloni yo te adopte Deklarasyon endepandans sila, Thomas Jefferson te prensipalman redije.
Dokiman istorik sila te pwoklame separasyon koloni amerikèn yo anba dominasyon Grand Bretay, epi li te fè konnen dwa san paspouki chak endividi genyen pou viv, lib ak ere. Deklarasyon endepandans lan make yon moman esansyèl nan fondasyon istwa Lèzetazini.
Kèk tan aprè adopsyon Deklarasyon sila, Ameriken te kòmanse selebre viktwa istorik sila. Premye selebrasyon yo te kòmanse nan lane 1777, avèk divès defile, fedatifis ki jwe yon wòl enpòtan nan selebrasyon yo ak diskou piblik.
Jou fèt endepandans lan, Ameriken yo souvan chita deyò pou manje ant fanmi ak zanmi, yo danse ak jwe, elatriye.
Nan 19èm syèk, “Independence day” la te sitou make ak divès evenman tankou diskou politik, defile militè, babekyou kominotè ak jwèt an fanmi ak zanmi.
Nan lane 1870, Kongrè ameriken an fè 4 jiyè vin yon jou ferye nasyonal. Sa vin pèmèt tout Ameriken yo benefisye yon jou konje pou selebre jou sila. Yon desizyon Ameriken yo te retire chapo byen ba devan l, yo te wè nan sa rekonesans ofisyèl enpòtans jounen istwa nasyon an.
Facebook Comments