NETALKOLE

Pòdepè : Plizyè abitan manifeste akòz gouvènman Ariel Henry a ta deside kenbe epi anile seyans vwayaj 2 bato dwàn nan te sezi pou trafik zam ilegal

Plizyè milye abitan ki soti nan depatman Nòdwès peyi a sitou nan vil Pòdepè, te foule beton an ayè lendi 5 septanm 2022 a pou  pwoteste kont desizyon gouvènman aktyèl la pran pou anile seyans vwayaj 2 bato dwàn Pòdepè a te sezi pou trafik zam ilegal la,  bato sa yo ki se (Miss Lili ak El Shadaï ) ki te konn asire vwayaj pwovens ak lòt peyi, te prevwa ale Pòtoprens lè  ajan ladwàn Pòdepè yo ta pral entèsepte yo nan dat ki te 1ye jiyè pase a. 

Yo te plizyè ki te rasanble sou gran lari site Kapwa Lamò a, nan lide pou denonse mezi sa a gouvènman doktè Ariel la pran an pou estope sèvis 2 bato sa yo, pwotestatè yo monte barikad epi yo boule kawotchou sou plizyè wout nan metwopòl Nòdwès la pou montre yo pat vin fè jwèt. 

Tout sou pakou a manifestan yo pat sispann lanse kèk pawòl piman bouk, pi lwen,  yo lonje dwèt jouda yo byen long sou Premye Minis Ariel Henry ak Minis Jistis li a Mèt Berto Dorcé, kòm moun ki kache dèyè desizyon sa a. Yo pwofite mande demisyon 2 dirijan sa yo pske selon sa yo di  » Yo pa vin pou fè peyi »  

Nan sans sa a, moun yo mande pou 2 bato sa yo retounen nan vil la prese prese nan sousi pou kontinye rantre soti yo ak machandiz yo kòmsadwa 

Yon lòt bò revandikatè yo menase yap pi vyolan nan mouvman yo si otorite konsène yo pa pote 2 bato yo tounen nan site Kapwa Lamò. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire