Depi lane 1983, chak mwa oktòb, pèp kreyolofòn yo toupatou nan monn lan selebre lang ak kilti kreyòl. Jounen vandredi 28 oktòb 2022 a make 39èm jounen entènasyonal selebrasyon lang ak kilti kreyòl.
An Ayiti, malgre kondisyon sosyopolitik ak sekirite yo ki pa bay posiblite pou selebre jounen sa jan sa ta dwe fèt, Akadami kreyòl ayisyen, nan okazyon sa, ekri yon mesaj piblik pou make 39èm jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl sa. Ayiti se pi gwo peyi kreyolofòn sou latè.
«Malerezman, sitiyasyon sosyopolitik malouk peyi nou ap travèse depi kòmansman mwa sektanm nan, pa pèmèt nou egzekite kòmsadwa kalandriye aktivite nou te prevwa pou nou non sèlman selebre ansanm lang nou ak kilti nou, men tou pou nou te selebre lavi yon gwo potorik
ekriven, kreyolis Emile Celestin Mégie, Togiram», ekri Akademi kreyòl ayisyen.
Daprè AKA, sitiyasyon jeneral peyi a pa t bay posiblite ane sa pou akademi an te selebre moman sa jan sa konn abitye fèt nan ane avan yo, seremoni lansman ofisyèl, konferans-deba nan lekòl ak inivèsite, entèvansyon nan
radyo ak televizyon, piblikasyon atik nan jounal ekri kou jounal an liy, fòmasyon sou kominikasyon kreyòl, espozisyon liv kreyòl ak liv sou kreyòl, manifestasyon sosyokiltirèl san bliye gwo seremoni ofisyèl la.
Nan okazyon jounen sa, Akademi kreyòl ayisyen pwofite pou rann omaj ak divès pèsonalite ki te pote kontribisyon yo nan ede lang kreyòl la jwenn pas li jounen jodia nan sosyete an. Pami non ki mansyone nan lèt AKA nou ka site Suzanne Comhaire Sylvain, Yves Dejean, Pierre Vernet, Doktè Ernst Myrville, san bliye Togiram.
AKA raple lang kreyòl la rete kòm pi gwo patrimwàn imateryèl pèp ayisyen. Pou rezon sa, akademisyen yo fè konnen yo motive pou travay pou leve eskanp figi kreyòl la an Ayiti kou aletranje, defann lengwistik pèp ayisyen tout kote yo ye,
Facebook Comments