NETALKOLE

Tigwav : Yo jwenn kadav yon sitwayen san tèt nan lokalite Kòk Chante 

Abitan yo nan vil Tigwav dekouvri Kadav yon moun san prezans tèt li, byen bonè maten samdi 10 septanm lan nan yon lokalite ki pote non Kòk Chante, 1er seksyon komin nan. 

Manoly Anténor, se non viktim  nan, men anpil moun rekonèt li sou non « se la vi ». Moun ki te komèt krim sa a te pran tèt mesye a. Sitwayen yo ki rete nan zòn nan pran tranble byen fò apre yo ta fin dekouvri kadav nonm san tèt sa a ki ajenou atè. 

Depi nan lè 10zè nan maten, Mèt Délicio Vernevil, ki se jij ki te vin fè konsta legal yo te tout swit drese yon rapò pou lajistis ak laprès te kapab okouran dram nan, aprè tout konsta yo li bay lòd pou yo leve kadav la epi depoze l nan yon mòg nan vil la. 

Se pa premye fwa ka sa yo ap dekouvri nan komin Tigwav, Jij la nan rapò a te mansyone tou yo jwenn sou sèn krim lan, yon zam ki fèt nan peyi Dayiti ki rele (zam kreyòl). 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire