CULTURE

ERITAJ, yon pwojè kolosal Yole Derose sou listwa fanm vanyan nan batay endepandans peyi Ayiti 

eritaj, yon pwojè kolosal yole derose sou listwa fanm vanyan nan batay endepandans peyi ayiti 

Kèk jou sèlman avan selebrasyon 219yèm ane kreyasyon drapo ayisyen an, Yole Derose, youn nan lejann nan istwa mizik ayisyèn lan, prezante jounen samdi 14 me a, nouvo pwojè li “ERITAJ”, ki se yon travay memwa sou listwa nou kòm pèp nan mete an valè kèk pami fanm vanyan nou yo ki te patisipe nan batay pou endepandans peyi a. 

“Lè yon pèp pèdi memwa l, li tankou yon bato san gouvènay, yon machin ba direksyon l kase! Lè nou pa ka rekonèt tèt nou, nan pwòp listwa pa nou paske transmisyon li pa fèt, nou tounen yon nanchon kannannan ki bliye rasin li ak pwòp valè kiltirèl pa l, yon nanchon k ap viv nan yon savann dezole kote tout bèt, tout plimay, ka vin galonnen jan yo vle, lè yo vle, epi fè nou kwè sa yo vle”, ekri Yole Derose sou rezo sosyal yo nan moman li t ap prezante pwojè sa. 

ERITAJ, yon pwojè kolosal Yole Derose sou listwa fanm vanyan nan batay endepandans peyi Ayiti

Yole Derose, nan kad konkenchenn pwojè sa, chwazi rekanpe dis (10) nan fanm vanyan ki make listwa bout tè sa ak patisipasyon yo nan batay pou libète ak byennèt nan peryòd kolonizasyon an, kòmanse sou rèn Anacaona, pran Cécile Fatima, rive nan Sanite Bélair, ak plizyè lòt ankò, dapre sa Carel Pedre fè konnen sou kont Twitter ak Facebook li. 

Advertisements

“Yole Derose prezante yon gwo pwojè jodi a ki kanpe 10 fanm nan istwa peyi a. 10 atis fanm jwe wòl Anacaona, Victoria Montou (Matant Toya), Cécile Fatima, Suzanne Louverture, Félicité B. Dessalines, Marie Louise, Marie Jeanne, Sanite Bélair, Catherine Flon, Défilé La Folle”, ekri patwon Chokarella a, jounen dimanch 15 me 2022 a. 

Nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak tout kalite pwoblèm, ensekirite, pa ka manje, kriz politik depi plizyè lane, pwojè ERITAJ sa, nan lide ki fè prezantasyon l lan, fè konprann se yon pwojè nasyonal, ki pwopoze yon retou nan listwa peyi Ayiti sou prèske de san (200) lane avèk pòtrè fanm sa yo ki te batay pou te kapab ofri yon sosyete lib jounen jodia. 

Avèk «Haïti Cœur de Femme », pwojè sa ki te pran nesans nan lane 2011, Yole Derose te deja montre enplikasyon l nan valorize kilti ayisyèn lan avèk medam yo. Avèk (11) onz jèn atis fanm ayisyèn, kote yo chak pote non yon flè lokal, sou sèn ap entèprete yon latriye mizik ki te deja mete an valè Ayiti ak kilti l, pwojè sa se te yon reyisit. « Nou gen fòs», se youn nan entèpretasyon ki konnen pi gwo siksè nan « Haïti Cœur de Femme ». Nan kad pwojè sa, konpozitris la, « Productions Yole Derose », te gen opòtinite kolabore ak plizyè atis fanm ki reyisi jounen jodi a nan endistri mizik ayisyèn lan, pami yo Rutshelle Guillaume, Anie Alerte Joseph, elatriye… 

Avèk mari li Ansy Derose, Yole te reyisi enpoze l kòm youn nan pi bon atis fanm ki te gen nan lane 1990 yo. Yo de a, yo te rive entèprete mizik “Merci” a, yon mòso ki rete yon klasik nan istwa mizik an Ayiti jis jounen jodi a. Pou tout sa li reyalize nan mete an valè kilti ayisyèn lan, Yole Derose vini yon lejann, yon patrmwàn nan istwa mizik ak kilti peyi Ayiti. 

Facebook Comments

Jacky Chery
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.