Depi kèk tan, plizyè katye nan depatman Lwès la ap fè fas ak divès zak vyolans bandi ak zam ap poze. Anplis de sa, yo okipe plizyè pwen fiks sou wout yo ki rann sikilasyon nan zòn sila yo vin danje anpil.
Kafou Vincent, komin Site Solèy, ki mennen nan Laplèn, nan antre nò kapital la, fin depafini akoz bandi k ap opere la. Sòti depi Kafou Douya pou al bout zòn Kafou Vincent, nivo sekirite a deteryore, Pratike wout sila a pye kou nan machin, reprezante yon gwo danje.
Akoz batay gang yo ki genyen nan komin Site Solèy ant bandi G9 an Fanmi e Alye ak sila yo ki nan G-Pèp, sòti devan simityè Douya pou w al bout Kafou Vincent, risk pou yon moun viktim sanzatann lan wo anpil akoz bandi G-Pèp yo souvan vin bay atak sipriz la. Lè konsa, se chak koukouy klere pou je yo. Moun se kouri, kouche plat atè. Atak sa yo konn souvan fèt lè gen sikilasyon.
Lòt pwoblèm, prezans lapolis ki pa genyen la fè zòn sila pi frajil toujou. Te genyen yon antèn polis Kafou Douya, bandi G9 te boule sa genyen 2 lane deja, e yo menm te tiye yon enspektè polis nan atak sila. Bandi yo te sezi materyèl ki te gen nan antèn sila, menase polisye ki te rete yo ak pran zam yo epi fè yo ale.
Aktyèlman, zòn Kafou Vincent lage 2 bra balanse, se bandi yo k ap dirije la. Anplis, yo kontwole tout bagay, menm komès gaz ki gen nan zòn sila anba sipèvizyon yo. Kafou Vincent pa lwen vin yon lòt kafou lanmò. Men malerezman, otorite yo pa afiche pyès volonte pou pran kontwòl zòn sila ki vin danje prèske nan menm nivo ak kafou Avyasyon, zòn estasyon Gonayiv, elatriye.
Facebook Comments