Kèk konsèy pou nou jere moman chalè a 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
Foto : AyiboPost

« Mezanmi chalè ap touye m » nou repete fraz sa anpil jou sa yo, malgre sezon « summer » a poko ofisyèlman kòmanse. Nan moman sa, li toujou difisil pou w regle tout afè w san òganis ou pa fatige anpil paske plis li fè cho se plis ou depanse enèji. Métabolis tout moun pa reponn menm jan ak chalè a. 

Men kèk konsèy pou ou rive jere chalè a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pa fè gwo efò fizik 

Nan moman chalè, plis ou bouje, plis ou fè gwo efò fizik, se plis ou fè depans enèji. Kidonk w ap pi cho.  

Adapte anviwonman w ap viv la  

Ouvri fenèt yo sèlman a mwatye pandan lajounen pou evite twòp chalè antre nan kay la. Pandan Lannwit ouvri yo nèt pou frechè antre. Retire tapi (kapèt) ki genyen nan kay la paske yo kenbe chalè.  

Pa dispose kò nou dirèkteman nan solèy la 

Reyon iltravyolè soley la pa bon pou po a.  

Mete rad ki adapte 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li pi bon nan moman chalè a pou nou itilize rad ki fèt ak twal koton oubyen len, kap pèmèt frechè pase épi ki pap kole sou po nou menm jan ak rad ki fet ak twal sentetik yo. Lè ou swe yo kole sou ou e yo fèw transpire plis e yo ka lakoz ou gen pwoblèm po. 

Itilize rad koulè klè pou w pa konsantre chalè deyò a sou ou. Koton an privilejye paske li absòbe transpirasyon. 

Pa pran twòp alkòl 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Alkòl ak chalè pa yon bon melanj. Pran l avèk anpil moderasyon sitou nan peryod chalè a. Pa bliye, alkòl dezidrate kò w. 

Bwè dlo pou w kapab rete idrate.  

Fason w ap transpire anpil pandan chalè a mande pou ou bwè dlo pou w évite dezidratasyon. Bwè yon ti kantite detanzantan pandan tout jounen an.  

Manje lejè 

Évite prepare e manje manje ki lou pou dijere. Depans enèji ou fè pou w dijere a ka jwenn avek depans enèji ou fè pandan wap transpire a. Priyorize fwi ak legim. 

Nan kay la itilize aparèy ki difize frechè. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.