Poukisa gason pa preske ofri fanm flè ankò ?

Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus  - Rédactrice
Credit : Prostooleh (freepik)

Ofri yon fanm yon boukè flè se youn nan senp ti jès ou kapab fè pou w montre l ou renmen l, sa ki rele langaj lanmou. Men gen kèk tan, medam yo pa resevwa flè, mesye yo pa twò ofri flè ankò. Ann al gade poukisa.

Si gen fanm ki pa renmen flè, gen lòt se pa renmen yo renmen sa ankò, yo toujou santi yo flate, yo santi yo enpòtan lè patnè yo oubyen yon zanmi yo ta fè yo kado flè. Gen anpil fi ki plenyen paske yo pa resevwa flè ankò oubyen yo pa resevwa ditou men, mesye yo bay kèk rezon ki lakoz sa, e se mank apresyasyon sou tout fòm jès sa vinn jwenn.

« Nan kominote nou fanm pran ti jès sa yo pou gason pye blanch, chans wi pou w ta jwenn on fanm Ayiti bay on boukè flè yon valè minim, sitou si w pap travay oubyen pa gen tchotcho« , se sa Pharel fè konnen.

Lukenson limenm rale koze endiferans yon fanm ka genyen pa rapò ak jès sa. « Bon sa se youn nan pil langaj lanmou ki genyen men mwen m pa bay paske m pè endiferans sitou si m atann sa pral epate w, menm choke w epi se gade m gade ou pran l san yon gaité de coeur san chalè.« 

Gen kèk lòt ki fè konnen yo pa ofri flè, akoz anpil fanm nan tan sa pa apresye jès sa ankò. Yo di medam yo ta prefere lòt bagay tankou yon perik pa egzanp ke yon bouke flè oubyen yon branch flè ou ta ka ofri l pou fè l konnen ou renmen l ou apresye l. Gen sa ki di, pito ou bay fanm nan kòb flè a nan plas flè a.

« Jounen jodi a, fanm pa apresye jès sa ankò alòske imajine w, gen bouke flè se 500 dola ayisyen pou pi piti, pi piti wi, ki pou retire l nan men mèt li, plis kòb livrezon. Ou fè jès la epi fi a swa selman di w oh mèsi, byen frèt oubyen poukisa ou pat ba li kòb flè sa pito. Se lajan ki nan may yo sèlman« , se deklarasyon yon lòt jèn gason.

« M te bay madan mwen flè yon lè anivèsè li. Bouke a koute m 900 dola plis 100 dola pou al livre l la. Lè l rive lakay li dim li santi flè sa koute chè poukisa m pa t ba l kòb la pito. M pa bezwen di w jan sa te deranje m, m pat vrèman gen kòb se yon sakrifis mwen te fè, m te vle ‘marquer le coup, le jour’. E depi lè sa, mwen vin plis materyèl ke womantik, ‘dans le bon sens du terme’« … « Si w bay flè yon lòt bay lajan, lòt lan ap pase donk olye nou al nan flè nou pito swa bay kòb flè a oubyen bay aparans« , se sa Pharel te rapousib pou l di, kòm kwa, anpil nan medam yo pa bezwen jès sa yo, yo pito kòb la, kòb ki pral fè jès la.

Yo souvan di tout fanm renmen flè, men gen nan medam yo poutan ki pa vle flè ditou pou yon rezon oubyen yon lòt. « Mwen m pa renmen flè m pa vle flè. Kòb flè sa plen bagay li ka regle paske flè chè. Achte l la, aprè se jete m pral jete l tout bagay fini« , se sa yon demwazèl ki pa t vle nou site non l te lese konprann.

Si gen fanm ki vrèman pito kòb la gen lòt tou ti jès sa di anpil pou yo : « Mvle kòb se vre men lè w lakay ou oubyen nan travay ou, ou resevwa yon flè se bèl bagay wi. Mwen lè konsa kè m bat san mil a lè. M vle flè mwen menm« , se deklarasyon Giana, ki limenm pa negosye ti flè li.

« Nèg ki pa bay flè, se zafè gwo po yap regle« , daprè Syndie.

« Mwen toujou renmen resevwa flè menm si se yon branch, sa fè m santi m enpòtan pou ou se paske ou t ap panse avè m ki fè ou achte l pou mw. Lajan enpòtan vre, men ti jès senp sa yo enpòtan tou« , daprè yon lòt jèn fanm.

Gen plizyè aspè mesye yo dwe gade, gen fanm langaj lanmou yo se pa resevwa kado, flè elatriye. Gen 5 langaj lanmou : kado, rann sèvis, touche fizik, bèl pawòl, pase moman ansanm. Chèche konnen pa patnè w la pou w pa fè kòve.

Gen fanm ki jis pa renmen flè oubyen li gen yon flè byen presi li renmen. Gen fanm tou ki pito lajan ke jès la, kidonk aprann konnen preferans patnè ou, prete atansyon ak sa l ap di w. Medam yo tou, aprann apresye chak ti jès patnè w fè pou l fè w santi li renmen w, li vle w. Men m si se pa sa ou renmen apresye l epi aprann li kisa ou menm ou renmen pou l konnen kisa ki fè w plezi vre.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.