Difikilte yon moun ki bege genyen pou l adapte l nan sosyete a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
difikilte yon moun ki bege genyen pou l adapte l nan sosyete a

Bege se yon twoub lapawòl ki lakòz yon moun ki sijè ak li genyen difikilte pou l eksprime l klèman epi pwononse mo li yo youn dèyè lòt san pyès difikilte. Si maladi sila souvan fè aparisyon li kay timoun yo epi pase lè yo rive nan yon laj, genyen lòt ki grandi ak li oubyen vin devlope l pandan y ap antre nan laj.

Nan yon peyi tankou Ayiti kote sila ki “andikape” yo genyen anpil mal pou yo entegre yo nan sosyete a, menmsi bege pa yon maladi, sila ki genyen twoub sila sibi anpil diskriminasyon ak estigmatizasyon pa bò kote lòt moun nan timoun yo pou rive jouk nan granmoun yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Twa moun nou te pran swen pale avèk yo ki gen twoub sila manifeste lakay yo, rapòte difikilte yo genyen – anplis pou eksprime yo – pou moun pran pasyans pou tande yo, san konte fawouch y ap pran anplis lòt blag move gou. *Jérôme, 13 lane, yon jèn elèv lekòl, ak anpil timidite, te premye moun ki te temwaye ba nou sou dosye sila, aprè n te fin fè konesans ak paran l epi ak li.

Netalkole Media: Ki pi gwo difikilte w rankontre akoz ou bege an ?

Jérôme: Mwen souvan genyen timoun ki konn tire m kou lè m ap pale oubyen ap jwe ansanm avèk yo. Epi yo konn banm jwe “dènye wòl” yo lè nou ansanm.

Netalkole Media: Kòman sa ye nan lekòl ou ak elèv parèy ou yo?

Jérôme: Mwen alèz nan lekòl la, sèlman se pa tout lè, sitou lè resitasyon an te difisil pou mwen. Men nan rekreyasyon mwen toujou jwe san pwoblèm.

Netalkole Media: Kisa w vle esplike lè w di resitasyon an konn difisil la?

Jérôme: Lè m konn gen pou m resite yon leson ki long anpil, sa konn fè m vle pèdi pasyans. Toutfwa madmwazèl la toujou pran pasyans ak mwen. M toujou konn leson m ak fè devwa m.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Netalkole Media: Jérôme, èske w santi w malad akoz ou pale konsa?

Jérôme: Non m pa malad, men lè m konn ap fòse pwononse yon mo, e m konn di l plizyè fwa san rete, m konn vle dekouraje. Men m pa malad.

Sa yo se kèk nan ti echanj nou te genyen ansanm avèk Jérôme, ki aktyèlman nan 8èm ane fondamantal. Yon reta lekòl li pran akoz paran li pa t wè nesesite pou li aprann ak twoub sila. Daprè papa li, Estiverne St-Louis se aprè konsèy plizyè pwòch ak bon zanmi li te deside mete li lekòl.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Fòk nou di, se pa sèlman Jérôme k ap rankontre jan de difikilte sa yo. Lekòl la ak reyalite lavi a se 2 bagay diferan. Akoz difikilte pou eksprime yo genyen, sila ki bege yo paka aprann kèk pwofesyon akoz sosyete ayisyèn lan pa enklizif.

“Mwen aprann animasyon radyo tele. Men aktyèlman mwen ap fè komès pou m reponn ak bezwen m”, – Marie-Marthe, yon jèn fanm 32 lane. Li rakonte yon fwa li te menm rive jwenn yon estaj nan yon radyo nan kapital la, akoz li te bege, li echwe estaj la alòske l pa t bege pase sa. Temwen an fè konnen yo te menm pwopoze l lòt plas tankou travay nan “mizanond”, malerezman, “kondisyon” travay yo pa t bon pou li akoz avans li t ap resevwa.

Pa bò kote Accène, 66 lane, temwayaj yo diferan. Li se pastè anndan yon legliz depi 23 lane, bege a pa anpeche l preche ak mennen moun repanti.

“Lè m te jèn, m te rankontre yon pakèt difikilte pou m te jwenn travay. Tan an vin pase, Bondye fè wout ak mwen, m aprann kominikasyon, tewoloji, travay bwa ak fè fenèt an vit (teknik Windows), m pa kite bege fè m pa bouske lavi”, li temwaye bay nou.

Pastè Accène fè konnen youn nan meyè mwayen li te aplike pou l reprann konfyans nan tèt li ak reprann kontwòl sitiyasyon an se te toujou pale ak tèt li devan yon miwa, sitou lè l gen pou l sòti. Yon pratik li avwe l toujou itilize jouk jounen jodia.

Men kisa ki lakoz yon moun bege?

Malgre rechèch ki fèt sou twoub sila, pa gen yon veritab repons ki etabli. Toutfwa, plizyè ipotèz mete sou tab la kòmkwa bege ta gen divès orijin, tankou sikolojik, emosyonèl oubyen konpòtmantal.

Divès rechèch nou fè montre, sanble yon timoun k ap grandi nan yon anviwònman sosyal ki pa adapte kapab devlope twoub sila. E aparisyon l kay pi jèn ak granmoun yo ta gen plizyè esplikasyon, tankou yon twomatis selebral, yo dyagnostike w bege.

Yon lòt kote, nou jwenn yon chòk emosyonèl, yon move kalite vi oubyen estrès, oubyen ansyete ka lakoz li. Èske sa pa konn rive w ap fè fas ak yon sitiyasyon – bon kou move – epi w bege nan sa w ap di yo ? Tout sa yo fè pati de twoub sila, sofke genyen moun ki devlope l epi l tou chita lakay yo.

E pwofesyonèl sante yo rapòte nan rechèch [syantifik] yo sila ki bege yo souvan gen blokaj nan lapawòl yo, genyen difikilte pou respire akoz nen yo dilate a fòs y ap fòse pou yo pale ak respire an menm tan. Yo souvan konsantre anpil nan kèk zòn tankou zèpòl, kou ak vizaj yo, oubyen men yo, epi yo souvan ap evite divès siy ki ka montre yo bege. Lè sa, yo soufri plis toujou pou eksprime yo. Men siy sa yo varye selon ka a, paske genyen moun ki plis gen difikilte pou eksprime l pase yon lòt.

Jiskaprezan, pa genyen okenn rekòmandasyon espesifik konsènan twoub sila ak prevansyon pou fè kont li. Epi, jiskaprezan koz ki fè yon moun bege a pa klè reyèlman. Men yo konn rekòmande kèk swivi medikal depandaman de peyi a pou evite li manifeste anpil.

Kidonk, yon moun ki bege dwe toujou jwenn yon asistans san kondisyon sitou nan sa ki gen pou wè ak pasyans epi ekout aktif. Bege pa yon maladi, ankò mwens yon andikap, jan anpil moun vle fè konprann li an. Yon moun ki bege ka travay nan tout domèn, sitou nan zafè lapawòl. Pa limite yo!

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.