M pran nan kout poud 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
m pran nan kout poud  (1)

M p ap dòmi san m pa fè piblikasyon sa a. Fin gad foto yo, si w pa konprann yo, tèks sa ap ede w konprann yo. 

« POUKISA COACH POOSHY ROSANA TOUJOU AP SOURI ? », « KILÈ W FACHE OU MENM ? », « OU PAKONN GEN PWOBLÈM COACH LA ? » : Se kèk pami divès kesyon ki souvan ap klewonnen nan zòrèy mwen prèske chak jou nan gym kote m ap travay la. Kliyan yo toujou ap mande m kilè m pa kontan ? 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Repons yo anpil men m ap ba w youn jodia, mwen te ba w plizyè deja nan lòt mesaj m te pibliye sou Facebook. 

Ann ale li ansanm ! 

M se yon moun depi kèk tan ki pale tout bagay moun konsidere kòm tabou nan sosyete a, m fè sa paske m dekouvri libète langaj mwen ladan l. Menm si anpil moun souvan renmen vann siksè yo, mwen m prefere vann kote ki fè nwa pou lè w wè m, tande non m site, pou w konn ak ki tip moun w annafè. Epi ki redi pou rive ti kote l ye jounen jodiya.  

Imaj sa yo w ap gade la, se youn nan bagay ki fè m vin moun mwen ye jounen jodiya a, se pa yon coach tout peyi a, mond lan rekonèt, men yon coach (yon moun) depi l pase yon kote w ap gen yon temwayaj de li kanmèm, sitou lè l pa la. 

Li ka yon bon temwayaj, li ka yon move pou ou tou, depandaman de sa m pat aksepte pran nan men w lan. Paske m pa tolere yon moun ranse ak pèsonalite m. Ou menm tou, epavre ?  Men tout sam konnen m toujou fè efò pou moun gen bon diskou de mwen pliske posib. 

Nou kòmanse. M ap raple m m te nan yon travay sa gen kèk tan, m t ap pike pou douvan tèt atè ak anpil kouraj antanke pitit soyèt. Jis paske m t ap pral pran yon swadizan pwomosyon akòz pèfòmans mwen, yon moun te chwazi pouse m yon kout pyès nan pye. Mwen ki pat panse m te genyen ak moun, yon swa m rantre lakay mwen epi nan aswè m santi pye m ap grate m, te gen yon ti bouton. Nan grate, grate, li pete. 

M pat pran sa pou anyen, kòm madanm mwen, ki te mennaj mwen  alepòk, se enfimyè li te esterilize l pou mwen. Epi zòn nan te kontinye ap grate m jou aprè jou, jiskaske l vin fè ti blad ti blad.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lè sa te vin konsa, pou mwen se te yon senp alèji, al lopital, suiv dematològ, mande doktè Johnny G* konsèy. Youn pat ka satisfè m. Malerezman.  

Malgre m pat anfòm m te oblije al travay. Tou 2 pye m, bò janm mwen yo, anba esèl mwen yo tout te anvlimen. M te vin oblije ap met gwo rad, oubyen met ak papa m. Sitou chemiz li yo, m te jwenn fòs ladan l yo.  

Pandan menm tan sa, m t ap prepare konkou pou m rantre ENARTS paske m te renmen desen ak a plastik. Men m te fini pa echwe nan konkou a, pa paske m pat fò, non, men pito paske m pat ka ret chita konpoze sou fèy yo, tanzantan m ap leve al nan twalèt yo pou m retire rad sou mwen epi flite alkòl kanfre sou mwen nan zòn ki anvlimen yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ou konn wè lè alkòl tonbe nan blese jan l cho, jan l brile, ebyen pou mwen li te dous em te renmen l, paske nivo soufrans kout poud la te banm nan te depase doulè sa. M te konn prefere santi kòm ap leve dife pase doulè ak pikotman koud poud la… 

Kijan m te santi m akòz poud la ?  

Èske w konn wè egwi grèf yo, imajine w fèk pran yon blesi li dekale tou wouj, w ap gad vyann nan, epi pou plizyè milyon egwi konsa ap rantre sòti nan po w. Ebyen se konsa m te konn santi m. M konn men m anvi endispoze oubyen pete kouri pran lari. Sèl sa m te ka fè se manje dan ak kriye lè swa, oubyen lè m poukont mwen. 

M ap esplike w sa zye m ap kouri dlo. 

M te rive yon kote, se tann m te konn tann tout moun lakay la dòmi, pou m monte sou do kay la al dòmi nan yon doum dlo m te konn plen chak aprèmidi lè m sot travay. 

Tan pase, tan pase, pyès moun lakay mwen pat konn sa m te genyen, sèlman m ap fini sou pye, m ap plenn nan dòmi, lè m al legliz m oblije chita yon kote poukont mwen m ap manje dan, men fòk mwen di w tou, lè sa m pat konnen si se nan kout poud m te pran. 

…Pou m fini ak dosye ENARTS la, m tèlman t ap plede leve sou fèy la, pandan jou tès yo, m vin pèdi konsantrasyon m m t ap panse ak rantre lakay mwen paske jou sa m pat ka sòti ak gwo rad sou mwen, m te santi rad ki te sou mwen yo ap fè yon sèl ak po mwen epi yo te kòmanse mouye akòz kò m t ap bay dlo epi m te kòmanse santi kri. 

Sa rete la… ap dejenere epi yon swa manman m te rele m apa epi mande m sa m genyen m ap plede plenn nan dòmi chak swa konsa. M te chwazi bal manti, di m pa genyen anyen paske si m te montre l pye m li t ap di se yon alèji, se nan pase gòdrèj pou nwasi cheve m oubyen nan manje twòp manba m te pran sa. 

Li te repoze m kesyon an ankò, epi m te vin oblije bay li laverite. Lè m monte pye pantalon m ak montre l pye m, li met de men nan tèt epi di : Dje (ti non papa m) Pooshy pran nan kout poud. Lè papa m vin gade, li konfime sa paske l te pase pa la tou lè l te jenn gason sof ke li te pran sa bonè, pa m nan te pi grav. 

Se konsa manman m te deside rantre danble nan lapriyè avèk mwen pandan papa m t ap fè remèd fèy pou mwen pou ralanti efè kout pyès la. 

Lè m te vin resi kòmanse reprann mwen, m te vin griye nwè kou chabon epi po m te rèd pase po bèf ki pase solèy. 

Piti piti m refè, se bagay sa ki te fè m vin konn pase krèm eklèsisan sou mwen pou m te ka rejwenn koulè m, malerezman. 

M te vin piti anpil, tout sousi m te tonbe, m te pèdi tout cheve devan tèt mwen. San konte m te vin estrese ak pè anpil. Epi se la espò a te vin ede m jwenn lajwa, paske m te oblije jwenn yon aktivite pou m pratike pou m montre otè zak la (yo) mwen vivan toujou. M fè espò pi plis, gwosi, elatriye. 

Anplis fanmi m ak fanmi madanm mwen, m te jwenn anpil konsèy tou nan men moun m pa p site non yo la, men yo la y ap li tèks mwen an menm jan ak ou. Mèsi pou fòs nou te banm mwen renmen n, mwen dwe nou jiskaske m al anba tè. 

Se aprè eksperyans sa m vin kòmanse reyèlman souri bay lavi malgre jou fè nwa yo. M pa pè anyen, paske sa m te viv la te kite kalamite ak soufrans dèyè. M t ap dekonpoze tankou kadav sou pye, jis pou yon salopri pwomosyon, alòske sa m t ap fè a moun nan pat menm ka fè 1 tyè ladan l.  

Lontan m te konn wont mache do touni, mete chemiz bout manch, bout pantalon, ak mache pye atè akòz sikatris bagay sila kite sou mwen jiskaprezan. Tout pye m te kolboso. 

Men jounen jodia m pa wè yo kòm mak (tach) sou po m, men pito senbòl viktwa m sou lanmò, sou ipokrizi. Se sak fè m pa janm travay foto m (Photoshop) m lage yo tou grenn jan yo ye a. M bèl konsa, moun ki pou aksepte m yo fè l deja. Dayè m toujou di sa m pa bo ti gason. 

PS: moun ki te dèyè zak la te vin leve rad mwen pou l wè si m pa pran vre. Lollll antouka.  

Tout sa pou m di ak elèv espò m yo oubyen yon moun ki ta wè m renmen ri oubyen tou si w wè po m pa menm jan ak pa w, men repons lan : « si w wè m renmen ri konsa, se pa pou plezi men se paske souri sou vizaj mwen kache anpil temwayaj. E ak chak fwa m rakonte w yon pati, w ap wè premye a pa t anyen devan nouvo a. » 

Malè ak lòm ki konfye l nan lòm se vre, men poukisa pou m paka konfye m nan yon lòt moun ? Se kòmsi m te di tou pou moun pa fye m.  

M ap di l ankò, gen bon moun toujou sèlman triye ak pase nan paswa pa p sifi pou w jwenn yo. Se Bondye ak lavi k ap voye yo sou chimen w. Epi w ap idantifye yo sitou lè w nan move moman. 

Fòk mwen di w depi lè sa m pa gen zanmi, m pa fè zanmi konfyans, men pito ti sam genyen yo m wè kòm frè ak sè m, m gen fanmi kounya. Se yo ki kenbe m vivan, paske m lè m wè yo genyen m nan vi yo m kontan. M ap toujou la pou yo depi m gen posiblite a.  

Si w panse m manti, jis demanti m anba post la 

Epi tou ou menm k ap li mesaj sa, si w kontribiye nan fè yon moun pase yon kalvè nan yon travay jis paske l pi pèfòman pase w, jis paske l pran yon pwomosyon (ogmantasyon). Si w nan fawouche moun, imilye moun : konnen w t ap gen kè pou w fout mwen yon kout poud tou. 

M di sa, m pa di anyen. Sèlman si w konsa… CHANJE !  

Mwen se Pooshy Rosana, m gen pou m sispann souri lè m kite mond sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.