Gouvènman ayisyen an pa sispann pase popilasyon an nan rizib a chak deklarasyon l fè nan laprès oubyen atravè divès nòt li rann piblik. Nan dat 14 Oktòb 2022 a, Primati Repiblik la enfòme popilasyon an an jeneral 17 Oktòb k ap vini la ap ferye nan okazyon komemorasyon dat yo te asasinen papa nasyon an, Anperè Jean-Jacques Dessalines. Konsa li mande pou Administrasyon piblik la, komès la, endistri ak lekòl yo, pa fonksyone pandan jou sila.
Suit ak piblikasyon yon kominike pou te rann nouvèl la piblik, anpil moun, sitou sou rezo sosyal yo, pat pran tan pou te fè opinyon yo pase sou rapèl sila epi entewoje Primati a nan kòmantè yo « si lekòl yo t ap fonksyone deja, pami divès lòt sektè aktivite ».
“Adje wi dan ! Te gen lekòl souple,kilè l te ouvri ?”: Raphaël Lucarson
“Lollll m’en vagabon an ekri lekòl ap chome nou ransé anpil kmmsi lekòl tap fonksyone bann parasite bann cafard” : JeanBernard Valeus_
“Nou enèvan mesye franchman kisa nan san site la yo ki tap fonksyone bann mal pouwont” : Vladimir Pierre
“Menm primatu pap fonksyone nan yon peyi a. Epiw tande konje sou tout tèritwa nasyonal. Tchuipsssss” : Josie Polycarpe_
Sa yo se yon ansanm kòmantè nou jwenn anba piblikasyon Primati a sou paj ofisyèl Facebook li. Majorite moun pat mete dlo nan bouch yo pou te kritike gouvènman Tèt Kale a k ap raple popilasyon an jou ki pa gen travay alòske pi fò te deja chita lakay yo… san travay !
« Lekòl paka tann » vs « Lekòl ti pa ti pa »
Depi plis pase yon mwa peyi d Ayiti bloke akòz divès mouvman pwotestasyon ki genyen nan lari a suit ak desizyon gouvènman Ariel Henry an te pran pou ogmante pri gaz la sou mache a epi pa sibvansyone l nan ponp yo ankò. Yon desizyon ki lakòz jouk jounen jodi a lekòl, pami plizyè lòt sektè piblik kou prive paka fonksyone kòrèkteman.
Rantre klas yo pa janm rive posib malgre divès jefò paran yo fè pou voye pitit yo lekòl ane sa, yo wè nwa. Okenn preparasyon pa rive fèt a tan.
An rezon kriz k ap sakaje peyi a depi dènye ane sa yo, sitou depi aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse 7 jiyè 2021 pase a, ouvèti lekòl la se yon sijè ki bay tèt fè mal chak fwa yon moun abòde l. Vin mete sou sa ensekirite a patikilyèman zafè kidnapin nan, lavi chè, chomaj ak dola k ap souflete goud la jan l vle, tout ap vale teren.
Si nan yon premye tan minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat te deklare « Lekòl paka tann » pou te montre volonte li genyen pou avni peyi a pran chimen klas yo nan tout rakwen peyi a, avèk kriz aktyèl la titilè MENFP a blije chanje diskou aprè echèk ouvèti klas yo 3 Oktòb pase a.
Moun k ap manifeste pou bon jan kondisyon vi te deklare yo pap voye pitit yo lekòl jan peyi d Ayiti ap mache la epi bloke lari ak anpeche rantre klas yo fèt, konsa minis Manigat te deklare « Lekòl la ap louvri ti pa ti pa », yon mannyè pou di l ap louvri nan 4 rakwen peyi a “gradyèlman”.
N ap raple 3 Oktòb la pat dat inisyal ouvèti klas yo pou lane akademik 2022-2023 pa bò isit , men pito se te 5 septanm 2021 an. Tou 2 plan ministè a koule tankou bato ki fè nofraj.
Plizyè semèn aprè inisyativ pou louvri lekòl yo « ti pa ti pa » a, pyès pòt lekòl pako janm ka louvri akòz sitiyasyon an pa pèmèt sa : pa gen sekirite, pa gen gaz, pa gen kote pou achte kèk pwovizyon, bank pa louvri chak jou, elatriye.
Jiskaprezan fas ak sitiyasyon an M. Nesmy Manigat rete bèkèkè, paran yo toujou nan lapenn paske ane lekòl la san lè gaspiye, menm jan ak plizyè lòt sektè aktivite akòz movèz jesyon pouvwa an plas la ki gen nan tèt li Ariel Henry.
Facebook Comments