Manje mimi ! Tout sa nou ta dwe konnen 

Revital Lynch
ParRevital Lynch
Manje mimi ! Tout sa nou ta dwe konnen

Sa gen kèk jou ou ka tande yon eslogan k ap mennen nan lari a oubyen sou rezo yo, ou ka nan machin nan estasyon ou tande yo di : « manje mimi ! ». Kisa l vle di ? Poukisa anpil Ayisyen ap klewonnen koze sa nan zòrèy nou ? 

Manje mimi, se yon lòt fason yo di manje pou chat, nan lòt lang yo pale an Ayiti a ki se fransè, yo t ap di : croquettes pour chat. Li sanble tèt koupe ak sereyal, sa nou menm Ayisyen nou rele Kòn Flèks la. Menm si l gen resanblans lan, nou dwe konnen li pa bon pou moun manje bagay sa, deja sant lan gentan di w pa pwoche. Alò, kote Ayisyen sòti ak eslogan sa ? 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Manje mimi an, w ap souvan tande moun yo repete l lè yo wè yon jèn fanm byen replèt ap pase, se tankou yon fawouch, gen moun ki konn di l tou pou agase medam ki pa gen twòp vyann sou yo, sila yo konn di ki seksi yo” selon son lari a. Nan tan lontan ou te ka tande yo itilize kèk lòt tèm tankou ‘agase matlòt, 3 samdi, ti polis, oubyen siwo bèl anfòm nan jou ki pi pre yo. Tout sa ki sot site la yo, se bagay ki ka fè fanm yo gwosi, pou bouda yo vin laj. Paske medam yo renmen gwosè, yo renmen lè yo gen chè sou yo, yo renmen lè yo gen kote pou mesye yo bay tap, daprè sa kèk fanm ki di yo pa nan manje mimi non plis, ta lese konprann. 

Se konsa, anpil moun, san yo pa ka bay prèv, ta vle fè konprann, manje mimi bay gwosè. Son lari a rapòte : “medam yo ta lage nan manje mimi pou yo vin pi replèt, nan lide pou brake zye mesye yo sou yo”. Si se vre li bay gwosè, ann al gade ansanm kisa k nan manje mimi yo ? Èske l bon pou moun manje bagay sa ? 

Ann voye zye sou preparasyon manje mimi yo 

Se vre nan kalite manje sa yo n ap jwenn sereyal ak matyè ki sòti nan plant yo. Men se plis vyann endistriyèl yo mete ladan yo. Men, vyann sa yo se rès bet tankou trip, kwenn ak tout kalite lòt pati nan zannimo tankou zago, grif, po, pat, kòn ak grès, gen la tou ki sòti nan kochon, anpil nan vyann sa yo, yo pa itilize yo nan preparasyon lòt kalite manje ki fèt ak vyann pou moun manje, yo mete rès sa yo nan manje mimi an. 

Kalite vyann sa yo pa rekòmande pou moun manje, nou ap fè referans ak sa ki site nan paragraf pi wo ak anndan bèt yo, anndan lestomak yo ki konn chaje fatra ak yon latriye pati yo pa pran mete sou kote nan bouchri yo paske yo pa bezwen sèvi ak yo. 

Gen lòt espesyalis nan preparasyon manje pou chat ki mete plis vyann sa yo nan pwodui pa yo pou manje mimi an gen plis pwoteyin men sa konn redui sou itilizasyon sereyal yo, konsa tou yo konn melanje yo ak legim tankou pòmdetè ak manyòk anmè pou ranplase sa sereyal yo te ka pote, pwodui sa yo ki gen anpil amidon pèmèt chat la rete an fòm epi pran gwosè. 

Anpil nan antrepriz ki fè manje mimi yo souvan pran rezolisyon sa, selon rezilta rechèch yo fè, se paske pwodui sa yo, kalite vyann sa yo, pi fasil pou jwenn epi nan pri ki bon pou yo. Nan menm lojik bon pri a, anpil nan antrepriz sa yo konn al achte rès rekòt nan sereyal moun ka manje yo, rès yo ekate pou move rekòt, sa imidite gate, sa ki kòmanse gate paske yo te mal konsève, pou yo ka ajoute nan manje mimi yo. Sa yo se lòt rezon ki koz moun pa ta dwe lage kò yo nan manje bagay sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si nou raple nou eskandal salami dominiken an, paske preparasyon an konn mal fèt, yo konn jwenn tras ti bagay yo konn ap fè tchalenj Doubay la ladan, pa gen twòp diferans ak manje mimi. Menm jan salami sa ka bay maladi a, se konsa manje chat la ka bay li tou. 

Poukisa li riske le moun manje mimi yo 

Si anpil ekspè fè konnen li pa bay maladi le w manje l, gen lòt ki eksplike li kapab vin bay medam yo gwo pwoblèm nan kèk tan ankò. Poukisa ? Kòman ? 

- Advertisement -
Ad imageAd image

An reyalite chat yo manje twa fwa plis pwoteyin ke lòm. Se sa anpil fabrikan jere sitou nan preparasyon pwodui sa yo. Se rezon sa menm ki fè manje mimi an bay medam yo gwosè, si toutfwa yo ta manje l. Konsantrasyon pwoteyin sa ki genyen nan manje sa yo ka koz anpil dega sou sante moun. Ann gade ansanm kèk ladan yo. 

Lè w fè eksè nan konsomasyon pwoteyin, li vin rann kò a dezidrate, san w pa rann ou kont, kò a gen kèk reyaksyon li fè, ou ka pa menm santi w swaf epi w ap dezidrate. Konsa li vin yon obligasyon pou medam ki ta lage kò yo nan manje mimi yo bwè anpil dlo pou yo redui risk pou yo ta dezidrate. De tout fason moun dwe bwè anpil dlo, li enpòtan pou kò a toujou rete an sante. 

Pwoblèm nan ren*, pa gen gwo etid ki ta revele reyèlman konsomasyon pwoteyin ka bay pwoblèm nan ren men, si yon moun fè eksè, sa ka afekte ògàn sa nan yon sans. Si pou yon moun nòmal li pa yon pwoblèm grav men pou moun ki deja malad nan ren se yon gwo danje. Tankou sa te di nan paragraf pi wo yo, manje mimi yo gen anpil pwoteyin, deja se rezon sa ki ta pouse (si yo fè l vre)  medam yo lage nan itilize l.  Si ren w deja gen pwoblèm, lè l vin jwenn ak azòt ki nan pwoteyin lan, se de fwa plis efò li pral fè pou l debarase de sibstans sa, alò medam manje mimi yo ta dwe pridan, sitou si yo pa konn nan ki eta sante ren yo ye. (*Note ren sa ki site la se pa sa kreyòl la, se sa ki nan medsin lan). 

Nan manje mimi se plis pase 80% vyann ki genyen san konte lòt kalite vye bagay ki te site pi wo a nan atik la, konsa gen anpil risk pou gen kansè, tankou kansè nan sen, sa nou rele tete yo, san nou pa bliye yon lòt maladi ki souvan touche medam yo ki se kis nan ovè, souvan maladi sa konn koz yo gen gwo difikilte pou fè pitit. 

Konsa, medam yo dwe mete nan lespri yo, menm koz ki pouse yo ta lage nan manje mimi yo, ka jwe kont yo tou. Si se bèl bouda, byen laj yo bezwen, pou mesye yo bay tap epi peze, gen nan mesye yo ki bezwen pitit tou e ki pa bezwen pwoblèm. Gen anpil lòt solisyon ki pi efikas, ki pi pwòp.  

Nou wè klè, li pa bon pou nou lage nan manje mimi yo, pèp nou an deja renmen fè mache nwa, depi yo ta wè se tout bon manje mimi an ap fè vyann pouse sou medam yo, li pral vann pi chè, lè sa si nou lage plis nèg nan kouri dèyè chat nou yo medam, se pou lòt chat yo ak mèt chat sa yo li ka pa bon, manje a riske vin twò chè… 

Avan menm nou fini ak dosye sa, li enpòtan pou nou poze yon grenn kesyon pou mesye yo ki lage nan rele medam yo manje mimi : Kisa yo tap fè si yo te di manje mimi bay gwo bwa ? 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.